Anbasadè JOSEPH bay GUY PHILIPPE paspò'l

Anbasadè JOSEPH bay GUY PHILIPPE paspò'l

Started
September 9, 2023
Petition to
Ambassador of Haiti in Washington D.C. Louis Harold JOSEPH and
Victory
This petition made change with 1,074 supporters!

Why this petition matters

Started by Dimitry Romulus

Mezanmi, aprè liberasyon Senatè Guy Philippe 7, Septanm 2023, ki sot pase an la, ebyen imigrasyon Ameriken deside kenbe Senatè a, an detansyon paske'l vinn parèt tankou yon moun ke yo jwenn sou teritwa Ameriken an ilegalman, san papye, san okenn dokiman. Malgre ke se pat li menm ki te mete tèt li la, min kantmènm imigrasyon oblije kenbe'l la jiskaske papye'l vinn an òd.

Ebyen mezanmi, sèl fason pou imigrasyon ameriken pa tap kapab kenbe Senatè a an DETANSYON aprè LIBERASYON li nan jou ki te 7 Septanm lan, se si sèlman Gouvènman Ariel lan, via Anbasadè peyi Dayiti an ki nan Washington te reponn et te bay Senatè a, seswa yon paspò oubyen yon sètifikad vwayaj/ fèy de wout, min, malgre tout demand ki fèt pa Avoka Senatè an, Leta Ayisyen pa deside leve yon ti dwèt pou ede Senatè a, rantre lakay li. Sa se  yon lòt mechanste y'ap fè'l.

Senatè a finn prije pènn li (6 ans), kounyea pou'l retounen lakay li, vinn jwenn pèp li, ebyen li anpeche, paske imigrasyon Ameriken pran'l tankou yon moun ki te janbe fontyè a, tankou yon moun ki vyole kondisyon viza'l, tankou yon moun ki te rantre Ozetazini sou rakèt ke yo kenbe, oubyen ki te pran kanntè. Se nan ka sa, Senatè nou an twouve'l jounen jodiya. 

MIN, NON! Nou tout konnen kijan Senatè an te fè arive la, se pran yo t'al pran'l nan peyi'l, ebyen moman an rive pou'l retounen lakay li. Annou siyen petition sila, pou'n mande Anbasadè Ayiti an, Mr. Louis Harold JOSEPH, pou'l bay Senatè a fèy de wout li, pou'l kapab retounen nan peyi'l, paske se pat fontyè an non ke Senatè an te janbe, se te Leta ki te livre'l bay mouche blan, et se devwa Administrasyon sila, ki pou asire bon retou Senatè an Sentesof.

Mèsi a tout moun, pou sipò nou, tanpri fè petition sila rive nan zorèy Leta, siyen'l epi, pataje'l tout kote. Tanpri, siyen petition sila pou mande Leta pou'l bay Senatè a fèy de wout li, pou'l ka retounen nan peyi'l, rapido-presto.

 

Free Guy

 

 

 

 

Victory

This petition made change with 1,074 supporters!

Share this petition

Share this petition in person or use the QR code for your own material.Download QR Code

Decision Makers

  • Louis Harold JOSEPHAmbassador of Haiti in Washington D.C.
  • PM Ariel HenryPrime Minister of Haiti